Manb Direksyon Yo

Afifa Khaliq
PREZIDAN DIREKSYON
Afifa Khaliq se Direktè Pwogram nan Sendika Sèvis Piblik Florida pou SEIU (SEIU Florida Public Services Union). Li se manb yon ekip k’ap travay nan kreye nouvo tandans ak repanse travay la, politik yo, ekonomi an, ak jistis sosyal la. Afifa se yon moun ki pa wont paske li se mizilman e li fyè de tèt li. Li se yon manb fondatè ak yon sekretè nan Federasyon Mizilman nan Sid Florida (South Florida Muslim Federation). Li se yon Prezidan tou nan òganizasyon Emgage Florida, ki se yon Òganizasyon angajman sitwayen mizilman. Afifa se yon moun ki marye, Bondye beni l’ ak yon pitit gason, epi l’ap viv nan West Palm Beach, Florida.

Miguel Bernal Brito
VISPREZIDAN
Miguel Bernal-Brito te fèt nan yon ti vilaj ki te rele Xepiun nan peyi Guatemala. Pi fò manb nan fanmi li pa pale Espanyòl e konsa li te grandi nan pale lang Ixil, ki se yon lang endigèn Maya. Li te angaje li pou aprann Espanyòl la sèlman nan yon peryòd 2 lane avan li antre nan Etazini nan lane 2004. Kounya l’ap aprann twazyèm lang li, ki se Anglè. Aktyèlman li nan òganizasyon WeCount! Antanke youn nan Manb Direksyon an.

Jonathan Alingu
Trezorye
Jonathan (pwonon pèsonèl: li/li) ap sèvis pou moman sa antanke youn nan direktè pou Central Florida Jobs With Justice (Travay Avèk Jistis Santral Florida). Li te angaje li nan jistis sosyal kote li t’ap òganize travay pou 10 dènye lane ki sot pase la a yo. An premye, antanke yon etidyan ak yon òganizatè ansanm ak òganizasyon Student Labor Action Project (Pwojè Aksyon Travay Etidyan) ki se yon pati nan University of Central Florida (Inivèsite nan Santral Florida) nan Orlando, ansanm ak United States Student Association (Asosyasyon Etidyan Etazini). Li te vin jwenn rezo Jobs With Justice la nan lane 2014 antanke yon òganizatè manb, k’ap travay tout anndan staff FLIC ak tout kalite manb gwoup li yo nan tout leta a. Jonathan se youn nan premye generasyon sitwayen, li te fèt nan mitan 2 paran ki te vini nan Etazini soti nan Bahamas pase par Uganda. Li se yon gran fanatik foutbòl tou, kote ekip prefere li se Manchester City.

Ana Valentina Guevara
Ana Valentina Guevara (li/limenm/li) ap sèvi aktyèlman antanke youn nan Direktè nan Florida Student Power Network. Li te deplase avèk fanmi li nan lane 2004 soti nan Nicaragua. Antanke yon jèn san papye, li te jwenn vokasyon li nan òganizasyon kominotè ak sipò parèy li yo ak fanmi li. Li te vin angage nan Youth Organizing nan lane 2012 antanke yon moun ki nan DACA ak yon moun ki fèk gradye nan High School (lekòl klasik) ki te vle travay avèk kominote li ya epi pou li gen dwa kote li ta dwe fè pledwaye pou dwa imigran yo. Antanke yon jèn òganizatè, li te gen opòtinite pou òganize avèk Student Working for Equal Rights (S.W.E.R.) nan Palm Beach State College (Inivèsite Leta nan Palm Beach) epi avèk CHISPAS nan University of Florida. Depi lè li te vin fè pati travay jistis sosyal la, FLIC ak FLSPN te otorize li konekte avèk òganizasyon yo pou kontinye goumen pou kominote nou yo, epi fè pati yon mouvman kote ke kominote n’ap travay pou yo a antanke yon kolektif k’ap goumen pou liberasyon nou. Nan tan lib li yo, li renmen pase tan avèk nyès ak neve li yo.

Christian Gonzalez-Orbegoso
Christian Gonzalez-Orbegoso (pwonon pèsonèl: li/yo) se yon Òganizatè nou trè fyè de li nan North Florida pou New Florida Majority. Li se pitit imigran ki soti nan Sid Amerika, ki te fè Miami vin lakay li nan lane 1990 yo, Christian t’ap goumen pou egalite ak jistis nan tout leta Florida a nan bati mouvman avèk kominote moun ki gen koulè yo, palman leta a, ak systèm lekòl la pou 5 dènye lane ki sot pase la a yo.
Christian t’ap sèvi antanke yon Òganizatè nan Duval Win Justice, li fè pati kanpay atravè leta pou pwolonje demokrasi ak aksè pou vote pou votè Nwa ak Panyòl ki reprezante yon fèb kantite nan balans elektoral la, sa ki te ede l’ avèk anpil siksè pou fè vote Amandman 4 la ak fè DUVAL vin tou Ble nan lane 2018 la (aprè 20 lane ap jere votè konsèvatif yo). Avan 2018, yo dedye 2 lane sèvis piblik antanke yon Manb AmeriCorps Member/yon Lidè pou City Year, yon òganizasyon entènasyonal pou edikasyon ki pa la pou fè pwofi ki la pou santre sou reyisit ak pemèt jèn ki nan kominote yo mal reprezante yo kapab jwenn diplòm gradyasyon yo, prensipalman lekòl Nwa ak Panyòl ki jwenn finans sou Tit 1. Pandan n’ap sèvi yo, yo te yon fòmatè pou New Politics Leadership Foundation (Fondasyon Lidèchip Nouvo Politik yo), yon òganizasyon ki pa la pou fè lajan ki santre travay li nan fòme ak chwazi manb kominote yo ak lidè sivitè yo pou poze kandidati pou pòs leta yo.
Avan sa, ekip FL Gator ke nou fyè de li anpil la te rete ap travay nan Tallahassee, FL ansanm ak Biwo Reprezantan Leta Florida a, David Richardson, premye moun yo te vote sou tout leta Florida a antanke ofisyèl ki se yon LGBTQ+. Christian anvizaje konstriksyon yon mouvman transfòmasyon nan tout sektè nan North FL, pou sekirize liberasyon nou nan 2020 an ak pou avni nou.

Trenise Bryant
Trenise Bryant se yon gradye nan Miami Northwestern Senior High ki te grandi nan Liberty City, nan youn nan pwojè lojman publik ki pi ansyen yo ke yo rele Porkin Bean Project. Trenise ap travay aktyèlman nan Sweetwater Elem antanke yon Direktè pou Food & Nutrition nan MDCPS. Li te kòmanse fè volontarya nan Miami Workers Center nan lane 2009 lè li te vin wè nesesite pou li retounen bay kominote a sa ki pou li nan kesyon Lojman Abòdab menm nan Nivo Nasyonal la. L’ap plede pou yon lojman nasyonal avèk pòs li antanke prezidan direksyon òganizasyon lojman nasyonal la ki se “0Right To The City” kote “Miami Workers Center” se youn nan òganizasyon fondatè li.
Madmwazèl Bryant se youn nan manb fondatè pou Homes for All-Southern Coalition tou ansanm ak Femme Agenda, yon pwojè 10 lane ke Miami Workers Center ak Femme Agenda, vize pou jwenn yon solisyon fas a povrete fanm yo nan kominote nwa ak panyòl yo. Par mwayen pasyon li pou lojman abòdab la, Miami Workers Center te antre nan yon patenarya avèk Smash pou kreye premye espas kominotè konfyans nan Liberty City par mwayen relasyon patnè sa a li te ka bay teritwa ki dirab ak ki prezève kote se kominote a k’ap kontwole l’. Trenise fè pati Kowòdinasyon Miami Crime Survivor Safety Justice kote l’ap bay kèk gwoup sipò gerizon kote kominote sila yo ki te victim par krim yo kapab sipòte Reskape yo ak Fè Pledwaye pou plis priyorite jistis ki plis efikas. Epi tou li se manb Dignity Coalition Steering kote l’ap fè pledwaye pou fanm ki nan prizon yo ka jwenn bon jan pwodwi ijyèn pou fanm anndan prizon an.

Lourdes Villanueva
Lourdes Villanueva se Direktè Defans travayè agrikòl pou Redlands kretyen asosyasyon migran (RCMA). Li te travay pou RCMA nan plizyè pozisyon pou prèske 30 ane, touche yon degre kolèj nan pwosesis la. Madam Villanueva fyè dèske li soti nan yon fanmi travayè migran e li vle asire ke timoun ak fanmi jodi a resevwa menm opòtinite li te genyen. Li kontinye ankouraje konsyantizasyon ak sipò fanmi sa yo nan kominote lokal riral yo.

Antonio Tovar
Antonio Tovar (li/limenm/li) te fèt nan Mexico City epi li te leve nan Aguascalientes, nan peyi Mexico. Li te rive nan Florida nan lane 1998 pou li te vin fè pati Depatman Antropoloji nan Inivèsite Florida (Department of Anthropology at the University of Florida). Sijè disètasyon li te fè a te di konsa “Health and Safety Practices among Citrus Harvester of Florida” (“Pratik Sante ak Sekirite nan mitan Kolektè Sitron yo nan Florida”), sijè sa te mennen li nan Asosyasyon Travayè Jaden pou Florida a (Farmworker Association of Florida) a kote li te jwenn vrè pasyon li ya: Souverènte Manje. Li t’ap travay nan FWAF depi an 2005 nan dirije travay rechèch ak nan pwojè ekoloji agrikòl li ya jiskaske li vin direktè li pou yon bann tan, nan plas Tirso Moreno, ki te vin pran retrèt li e aprè Direksyon an te nome li nouvo Direktè Egzekitif. Li renmen plante, kèlkeswa se te lakay li, l’ap fè jaden kann, mayi, squash, bannann, gwayav, tomat, manyòk, fèy, ak sitron tou.

Jill Hanson
Jill Hanson te angaje li nan FLIC pou plis pase 10 lane e li te youn nan fondatè pou Palm Beach County Coalition for Immigrant Rights (PBCCIR) (Kowalisyon Vil Palm Beach pou Dwa Imigran yo). Li se yon manb direksyon pou Esperanza Community Center (Sant Kominotè Esperans), ak yon manb nan ACLU ki nan Palm Beach County, ak yon manb direksyon ak yon ofisye pou LAPÈ-nan Palm Beach. Li te yon fondatè tou, yon manb direksyon, ak yon ansyen Prezidan Direksyon pou òganizasyon ki rele El Sol, Jupiter’s Neighborhood Resource Center, li se yon avoka travay ki retrete kote li te reprezante linyon ak travayè yo pou plis pase 30 lane avan li te retrete nan lane 2009 epi li se yon konseye pou kliyan imigran tankou yon avoka volontè nan El Sol depi nan lane 2007.

Eli Garcia
Eli Garcia se pitit pitit Meksiken (Mexican). Li se yon moun ki gen anpil Rèv ak li se yon Kowòdonatè Òganizasyon Kominotè ak Pledwaye nan Hope CommUnity Center ki nan kominote Apopka a. Eli te angaje li nan mouvman pou dwa imigran pou plis pase 10 lane e l’ap kontinye nan batay sa a pou ranfòse kominote moun ki gen koulè yo. Pasyon li se òganize sa te fè li vini yon lidè nan mouvman nan nivo lokal, leta ak Federal yo. Nan tan lib li yo, li renmen fè gran pwomennen nan park epi fè kèk sijè refleksyon sou papye.

Wilna Destin

Rhenie Dalger
Rhenie Dalger se Direktè kominikasyon ak devlopman nan Mouvman Aksyon Fanmi Rezo (FANM) ak Prezidan Global Kominikasyon Taktik Avanse (GLOBATAC). Li se yon Manadjè Maketing ki gen eksperyans ak yon istwa demontre nan travay nan relasyon piblik yo ak endistri kominikasyon. Li kalifye nan kominikasyon kriz, relasyon medya, kominikasyon antrepriz, jesyon, ak devlopman pwojè. Li gen yon Mèt Administrasyon Biznis (M.B.A.) konsantre nan Administrasyon ak Jesyon Biznis ak yon Mèt nan Syans nan Kominikasyon Global Estratejik nan Inivèsite Entènasyonal Florid. Li gradye tou nan pwodiksyon radyo ak televizyon nan Miami Dade College. Rhenie konbine background fò jesyon biznis li, ladrès enklizif lidèchip li, ak devouman li nan defann pou moun ki pi frajil nan kominote nou yo ak tout travay la li mennen. Te pasyon li pou chanjman mennen l ‘nan travay ak defavorize Nwa ak Brown imigran ak kominote endijèn ak defansè pou refòm imigrasyon konplè, aksè votè yo ak edikasyon, alfabetizasyon finansye, aksè langaj, ak egalite ant sèks. Kòm yon manman nan pitit fi jimo, li se espesyalman pasyone sou tou de peye matènite ak konje patènite.
Nan tan lib li, li renmen ap eseye kwizin nan anpil pati nan mond lan, gade fim etranje endepandan, ak aprann sou tradisyon kiltirèl yo soti nan Ayiti, Meksik, Kolonbi, Venezyela, Lachin, ak peyi Zend.
In her free time, she enjoys trying cuisines from many parts of the world, watching foreign independent films, and learning about the cultural traditions from Haiti, Mexico, Colombia, Venezuela, China, and India.