Angajman sitwayen
Yon triyaj pami plizyè kalite moun nan kominote nou yo pou angaje spesyalman Nouvo Votè Ameriken ak votè ki gen koulè yo.
Angajman sitwayen FLIC la egziste nan yon pwosesis aktivite ki kòmanse depi nan natiralizasyon, pase pran anrejistreman votè, kontinye nan edikasyon ak angajman. Triyaj pwogram san patizan nou an jwenn kalite kominote nou yo pou mennen yo nan yon menm chimen ki se angaje Nouvo Ameriken nou yo ak votè ki gen koulè yo. Pase par plizyè strateji, nou planifye pou lanse yon elektora ki baze sou konsyans ki vrèman enèjetik ak angaje patisipasyon chak pwosesis kote n’ap pran desizyon k’ap fè enpak sou kominote nou yo.
Pandan patisipasyon votè yo enpòtan anpil pou pwogram angajman sitwayen nou an, FLIC kreye opòtinite tou pou sila yo ki poko kapab vote yo – tankou jenès la ak kèk gwoup imigran – pou patisipe nan Demokrasi nou an, tankou vin patisipe nan aktivite mobilizasyon oubyen rakonte istwa ak kolekte travay konsyans.

Reyalizasyon Kanpay Nou Yo
Avan eleksyon general 2020 an, FLIC te anrejistre plis pase 60,000 nouvo votè pami sis (6) vil, pou asire li ke moun sa yo ki kalifye pou vote yo genyen yon opòtinite pou depoze bilten vòt pou rezoud pwoblèm k’ap deranje kominote nou yo. Ekip òganizatè, kolektè enfòmasyon, ak volontè nou yo ap chèche antre an kontak ak kominote nou yo : Miami-Dade, Broward, Palm Beach, Volusia, Alachua, Pinellas ak Seminole.
Pandan moman Eleksyon General 2020 an, FLIC te fè plis pase 2.2 milyon apèl ak mesaj tèks, pandan yo te pale ak plis pase 140,000 votè dirèkteman. Pandan moman Eleksyon General 2020 an, FLIC te rive fè plis pase 160,000 votè soti al vote, anviwon 20,000 ladan yo se nouvo votè ki apèn natiralize. Pami tout moun sa yo FLIC fè soti al vote yo 99% nan moun sa yo ki te soti al vote nan Eleksyon General yo se Votè nwa ak panyòl.
Pandan moman Eleksyon Primè, nou te fè plis pase 1 milyon apèl, ak 118,197 votè nan objektif pwogram Angajman Sitwayen FLIC la ki te vote nan moman Eleksyon Primè Florida a. 32,556 nan moun sa yo se te votè FLIC te angaje dirèkteman ak kote yo te fè kontak par telefòn, tèks mesaj, oubyen òganize aktivite relasyon (Aplikasyon OutVote). 88% nan votè sa yo ki te soti al vote nan mwa Daout se Panyòl, Nwa ak Mawon.