La Mesa Boricua ap bati yon koneksyon, yon enterè, ak kapasite gwoup Pòtoriken ki egziste nan Florida yo. Inisyativ La Mesa FLIC ap rasanble tout aktè prensipal pòtoriken yo ki nan tout anviwon Florida a pou bati yon mouvman òganizasyon de baz, kote l’ap baze li lokalman men rete konekte ak sous la ansanm ak santral pouvwa yo an menm tan (Tallahassee ak D.C.).
Aktyèlman n’ap kreye la kèk gwoup lidèchip lokal nan sèt (7) vil avèk pou objektif pou konstwi yon lis 100K (100 mil) votè pòtoriken ki aktif nan tout leta a. Nou rete konekte par mwayen reyinyon nou fè an pèsonn, apèl telefòn nou toujou fè chak semèn, ak anpil rankont regyonal. Nou bati enterè nan selebre idantite ak kilti nou ke nou pataje. Aprè sa nou te agrandi kapasite nou par mwayen kèk aksyon kolektif, fòmasyon devlopman lidèchip, ak donatè gwoup lokal yo par donasyon.
Anplis de FLIC, Alianza for Progress, Faith in Florida, Iniciativa Accion Boricua, the Puerto Rican Leadership Council of South Florida ak anpil lòt òganizasyon ki fè volontarya genyen tout staff yo ki envesti nan pwojè sa, gen lòt ki envesti gwo resous pou sipòte pwojè a. Li vrèman enpòtan pou nou soulinye sa paske òganizasyon sa yo pote anpil konfyans, gran kredib nan pwojè a. Men sa ki menm pi enpòtan ankò, òganizasyon sa yo alinye yo youn deyè lòt nan nivo leta a pou yo fè pati mouvman La Mesa a alòske avan sa li t’ap travay pou kont li, yon fason izole.