Jwenn èd
Nou bay konesans ak enfòmasyon sou kijan pou w’ fè rechèch nan system anprizónman an
Nou angaje nou pou sipòte kapasite manm ak patnè nou yo pou goumen kont mouvman kriminalizasyon san fen sa ke n’ap fè fas avèk li chak jou a. Kòm efè polimigra (polis imigrasyon) yo kontinye ap patisipe nan gran mouvman anprizónman nan Florida, nou vle bay materyèl nesesè ak kominote nou yo konsa y’ap kapab, pou pi piti, bay kèk konesans de baz sou kijan pou yon moun ka chèche enfòmasyon nan systèm anprizónman an.

Mande pou asistans anprizónman
Nou jwenn anpil rekèt pou asistans legal pou sipòte imigran yo ki fèmen nan prizon nan Krome, nan Broward Transitional Center oubyen the Glades County Jail. pa bliye, nou pa avoka epi nou pa ka bay asistans legal. De tout fason, n’ap mande w’ pou w’ kontakte Liy Apèl nou an 1-888-600-5762 pou w’ kreye yon ticket. Ekip nou an pral kreye yon Fòmilè Admisyon pou ou epi y’ap ka ba w’ referans selon jan ou bezwen li, ak selon jan yo kapab.
Lòt resous
FLICopedia konekte w’ ak resous yo, asistans legal, ak ba w’ plis enfòmasyon konsènan dwa w’ yo. ACLU a tou genyen yon gran bibliyotèk sou “Konnen Dwa Ou Yo” se kèk materyèl ki la pou ede Abitan Florida yo konprann dwa yo ak reyaji avèk efikasite lè dwa yo rive menase.