Adriana Rivera
Adriana se yon moun ki fèt nan Pòtoriko epi li gen yon Bakaloreya nan Kominikasyon nan Inivèsite Pòtoriko a. li t’ap travay nan kèk aktivite sektè prive e ki pa gen objektif pou fè lajan, pandan l’ap avanse pou pi devan nan pataje konesans li nan marketing ak strateji kominikasyon yo. Depi lè li te kòmanse nan travay politik, li te deja ap mache kole kole ak laprès antanke yon ekspè nan sikonskripsyon elektoral nan peyi Pòtoriko epi li te youn nan Pwofesyonèl Kominikasyon nan peyi Panyòl yo ki te fè pati pwogram “‘We Are Más’ Pi Gran Strateji Demokratik Panyòl ak Kominikatè nan Leta Florida a pou lane 2020 an.”
L’ap fè gwo pwogrè nan digital marketing epi li gen yon pasyon pou jistis sosyal, espesyalman lè sa gen pou wè ak kominote ki defavorize yo, kominote ki gen fòs kote yo, ak inegalite yo. Nan tan lib li yo, li renmen anseye konesans ak lòt moun epi li gen yon pasyon pou vwayaj, kilti mondyal, ak etid pou retrase zansèt yo.