Sharlia Lebreton Gulley

KOWÒDONATÈ PWOGRAM VIZYON AK KILTI

Sharlia te premye antre nan politik depi nan lakou inivèsite li, Cal State LA, antanke yon òganizatè etidyan militan k’ap goumen kont kòb etidyan yo, pou kanpe kòb lekòl etidyan yo ak mande kèk pwogram etid serye. Li te vin plis politize aprè asasina Trayvon Martin, antanke yon òganizatè fondatè pou “J4TMLA”, pita ki vin Black Lives Matter. Sharlia se yon sosyolojis ak yon chèchè nan Diaspora Afriken an, nan eksperyans Karayib la ak l’art pou fè gerizon. Depi nan lane 2015, Sharlia t’ap viv nan Miami, FL aprè li te vin deplase pou fè yon Doktora nan Depatman Syans Politik FIU a. Sharlia se yon doktè fèy tou, gerisè, epi li se yon dansè nan folklore ayisyen. Sharlia te vin jwenn FLIC nan lane 2020 antanke yon manb staff ansanm ak The Rising Tide; ki se yon Kolaborasyon Feminen pami Òganizasyon de Baz nan Florida yo kote li se Vizyon ak Kowòdonatè Pwogram Kilti.